← Back to Salem

Document Salem_doc_ccbb68c5bd

Full Text

APLIKASYON TIRAJ LOJMAN KI NAN YON PRI ABÒDAB CATALYST HOUSING (LOJMAN KATALIZÈ) – LYNN, MA DELÈ POU SOUMÈT APLIKASYON AN: 15 JANVYE 2025 Non Legal Aplikan an Nimewo Telefòn Imèl Adrès Vil Eta/Kòd Postal ENPÒTAN! Aplikasyon sa a pa konplè si yo pa fin ranpli li nèt, siyen li, epi soumèt li ansanm ak YON KOPI POU CHAK dokiman ki aplikab yo jan yo te dekri sa a anwo an. Aplikan yo dwe verifye tout revni ak aktif nan kad pwosesis aplikasyon tiraj lan pou chak regilasyon EOHLC yo. Yo kapab mande lòt dokiman selon sitiyasyon espesifik aplikan an. Si w pa rive bay aplikasyon an konplè ansanm ak dokiman pou sipòte l yo mande yo sa kapab mete pwosesis apwobasyon an an reta ansanm ak kapasite pou patisipe nan tiraj lan. Tanpri, nou vle fè ou konnen aplikasyon sa a ou soumèt 1 semèn anvan delè pou tiraj la pa garanti n ap trete l epi revize l. Nou ankouraje w soumèt aplpikasyon ou an bonè pou asire y ap aksepte, l ap konplè, epi l ap reponn ak kritè kalifikasyon an. MANDE POU VERIFYE DOKIMAN SOU REVNI YO (VERIFYE SI YO AJOUTE YO): TOUT APLIKAN YO: Deklarasyon tak federal ane pase (SE PA DEKLARASYON ETA ajoute fòm 1099 yo ak W2 yo pou chak moun k ap viv nan fwaye a ki genyen 18 lane yo. Si ou pa genyen obligasyon pou deklare taks, tanpri ekri PA APLIKAB. TOUT APLIKAN YO: Twa relve ki resan ak konplè (ki gen tout paj yo) pou tout kont bankè yo, kont envestisman yo, kont retrèt yo, CD yo, byen imobilye, valè racha asirans vi yo, elatriye. Si ou pa genyen youn nan kont oswa aktif sa yo, tanpri ekri PA APLIKAB. SI W AP TRAVAY: Senk souch chèk mwa konsekitif ki plis resan yo, pou tout moun nan fanmi an ki gen 18 lane k ap travay yo. Sis dokimantasyon sou revni pou travayè k ap travay pa èdtan yo ak travayè sezonye yo. Pou asirans chomaj, andikap, oswa travayè, epi/oswa revokasyon, kopi chèk yo oswa verifikasyon DOR ki di ou te resevwa avantaj yo. SI W AP TRAVAY ENDEPANDAN: Bay yon depans detaye ak deklarasyon sou revni pou senk mwa avan w te soumèt aplikasyon ou an, epi twa deklarasyon pou mwa ki plis resan pou kont kouran ak epay pou biznis. SI W TE RESEVWA: Deklarasyon ki plis resan (yo) (ki gen tout paj yo) ou te resevwa nan men Sekirite Sosyal, anuite, asirans, fon retrèt, pansyon, avantaj DTA, avantaj andikap oswa lanmò, elatriye. SI W PA GENYEN OKENN SOUS REVNI: Ou dwe soumèt yon deklarasyon notarye ki di ou pa genyen okenn revni. LÒT DOKIMAN KI KA APLIKE SELON SITIYASYON ESPESIFIK OU GENYEN YO (VERIFYE SI YO AJOUTE LI): SI W AP RESEVWA PANSYON ALIMANTÈ POU TIMOUN epi/oswa PANSYON ALIMANTÈ: Dokimantasyon legal ki di kantite pèman an. Si pa genyen okenn dokiman tribinal ki egziste, bay yon deklarasyon alekri ki di ki kantite ou te resvwa chak mwa. SI SA APLIKAB: Enterè, dividann, epi lòt revni ki sòti nan byen imobilye oswa pèsonèl. SI W ANSENT: Prèv ou ansent; timoun ki poko fèt lan kapab konte antanke manm fanmi an. SI SA APLIKAB: Dokimantasyon enskripsyon lekòl elèv ki ale nan tan konplè ki montre estati tout manm fanmi an ki genyen plis pase 18 lane. SI W NAN PWOSESIS DIVÒS oswa SEPARASYON: Dokimantasyon legal ki montre pwosesis lan te kòmanse oswa gentan fini. VOYE APLIKASYON AN NAN KOURYE LAPÒS BAY: VOYE LI SOU FÒMA PDF OSWA FAKS: Harborlight Homes P.O. Box 507 [PHONE REDACTED] (Faks) Beverly, MA 01915 ---PAGE BREAK--- 2 ENFÒMASYON SOU FANMI AN Non Moun k ap Viv nan Lojman an (Prenon, Dezyèm Prenon, Siyati) Lyen ansanm ak Aplikan an Laj Dat Nesans 1 Aplikan Èske ou se yon elèv tan konplè? ☐ Wi ☐ Non (Elèv a plen tan yo tipikman pa elijib pou Catalyst Housing akòz règleman pwogram LIHTC aktyèl yo; kèk eksepsyon aplike) Èske w ap viv, travay oswa nan lekòl piblik ki nan Vil Lynn lan? ☐ Wi ☐ Non SI W REPONN WI, DOKIMANTASYON POU VERIFYE PREFERANS LOKAL LAN YO DWE BAY LI NAN OBJEKTIF POU RESEVWA PREFERANS LOKAL NAN TIRAJ INISYAL LAN MAKE ☒ SI SE WI AJOUTE DOKIMANTASYON PREFERANS LOKAL: ☐ Akò lwaye epi/oswa resi lokasyon (yo) ☐ Yon bòdwo sèvis piblik oswa taks kay resan ☐ Achiv travay ☐ Enskripsyon elektè ☐ Enskripsyon lekòl lokal pou aplikasyon ki pa lokal yo (egzanp Chwa Lekòl oswa elèv METCO yo) Èske w egzije yon lojman pou Moun Ki gen Andikap (ADA Kategori 2) ? ☐ Wi ☐ Non Èske w bezwen yon lojman ki gen sipò pou Moun Ki Gen Difikilte pou Tande yo? ☐ Wi ☐ Non Èske w ka benefisye Sèvis Sipò ki ofri nan Catalyst Housing Haven Project bay lan? ☐ Wi ☐ Non MAKE ☒ SI SE WI Sektè EGZANP SÈVIS SIPÒ YO ☐ Bezwen Debaz Èd pou manje, rad, pwodui ijyèn, telefòn selilè, ak atik menaje yo ☐ DJÒB Akonpayman pou prepare pou travay, asistans ak CV, preparasyon entèvyou, asistans pou chèche travay ☐ Lojman Bidjè familyal, planifikasyon finansye, kreye objektik ak planifikasyon pou lojman alontèm ☐ Edikasyon Asitans pou fè aplikasyon, pwogram GED ak ESL yo, konsèy nan kesyon èd finansye ☐ Sante Sipò pou asirans sante, atelye travay sou dwòg epi/oswa itilizasyon alkòl, nitrisyon, repwodiksyon ak sante mantal ☐ Kominote Akonpayman nan kesyon konpetans sosyal yo, konsèy nan kesyon antrènman, opòtinite angajman kominotè, kou sou kòman pou rezoud konfli ---PAGE BREAK--- 3 Èske ou se yon Sanzabri jan sa defini nan 24 CFR 91.5? ☐ Wi ☐ Non SI W REPONN WI, APLIKAN YO SELEKSONE KATEGORI KI APLIKAB LAN 1-4 (MARK ☒ POU SELEKSYONE) EPI BAY DOKIMAN YO MANDE YO POU KA BENEFISYE PREFERANS SANZABRI. MAKE ☒ SI SE WI KATEGORI SANZABRI DESKRIPSYON/KRITÈ DOKIMAN YO EGZIJE ☐ Kategori 1: Literalman Sanzabri Yon moun oswa fanmi ki pa gen yon adrès fiks, regilye ak konvenab leswa pou li rete, ki vle di: Gen yon rezidans prensipal pou pase nwit ki se yon kote piblik oswa prive ki pa fèt pou moun abite; (ii) Ap viv nan yon abri oswa prive ki deziyen pou bay abri tanporè (tankou abri kongregasyon, lojman tranzisyon, ak otèl ak motèl òganizasyon charitab oswa pwogram gouvènman federal, eta ak lokal peye); oswa (iii) L ap soti nan yon enstitisyon kote (li) te abite pandan 90 jou oswa mwens epi ki te abite nan yon abri ijans oswa yon kote ki pa fèt pou moun abite imedyatman anvan li te antre nan enstitisyon sa a. • Obsèvasyon alekri travayè sansibilizasyon an fè; oswa • Referans alekri yon lòt founisè lojman oswa sèvis bay; oswa Pou moun k ap sòti nan yon enstitisyon: Youn nan prèv ki ekri pi wo yo epi • Dokiman sòti oswa referans alekri/aloral, oswa • Yon dosye ki ekri sou dilijans ajan akèy lan pou jwenn prèv ki site piwo an ak sètifika moun lan bay li kite enstitisyon an. ☐ Kategori 2: Gwo Risk pou Sanzabri Moun oswa fanmi ki pral pèdi rezidans prensipal pou dòmi pandan nuit lan, akondisyon: Yo pral pèdi kote a nan 14 jou aprè dat aplikasyon pou jwenn asistans pou sanzabri; (ii) Pa gen okenn rezidans ki vin aprè sa yo te idantifye a; epi (iii) Moun oswa fanmi an pa gen resous oswa sipò ki nesesè pou jwenn lòt lojman pèmanan. • Yon òdonans tribinal ki di pou moun lan oswa fanmi an dwe degèpi; oswa • Pou moun oswa fanmi k ap viv nan otèl oswa motèl yo—prèv yo manke resous finansye pou yo rete; oswa • Yon deklarasyon aloral ki dokimante oswa verifye; epi • Sètifika ki di yo pa gen lòt rezidans yo te idantifye. ☐ Kategori 3: Sanzabri anba lòt lwa Federal Jèn k ap viv poukont yo ki genyen mwens pase 25 lane, fanmi ki genyen timoun ak jèn, ki otreman pa kalifye antanke sanzabri selon definisyon sa a, men ki: Yo defini antanke sanzabri dapre lòt lwa federal yo site yo; (ii) Pa te gen yon kontra lwaye, enterè pwopriyetè, oswa akò lokasyon nan lojman pèmanan pandan 60 jou anvan aplikasyon pou benefisye asistans sanzabri a; (iii) Te fè eksperyans enstabilite ki ap pèsiste jan yo mezire gras ak de demenajman oswa plis pandan nan 60 jou anvan yo; epi (iv) Ou panse ou ka kontinye nan sitiyasyon sa a pou yon peryòd tan pwolonje akòz bezwen espesyal oswa difikilte. • Sètifika òganizasyon ki pa la pou fè pwofi oswa gouvènman lokal bay ki di moun lan oswa chèf fwaye an ap chèche èd ki reponn ak kritè sanzabri a selon lòt lwa federal; epi • Sètifika ki di ou pa t gen PH (Lojman Pèmanan) pandan 60 jou ki sot pase yo; epi • Sètifika moun lan oswa chèf fanmi an, epi nenpòt dokiman sipò ki disponib, ki di li te demenaje de oswa plizyè fwa pandan 60 jou ki sot pase yo; epi • Dokiman bezwen espesyal oswa 2 oswa plizyè deifikilte. ---PAGE BREAK--- 4 MAKE ☒ SI SE WI KATEGORI SANZABRI DESKRIPSYON/KRITÈ DOKIMAN YO EGZIJE ☐ Kategori 4: Sove oswa fè tantativ pou sove kont Vyolans Domestik (Domestic Violence, DV) Tout moun oswa fanmi ki: ap sove, oswa ap eseye sove, kont vyolans domestik; (ii) Pa gen lòt rezidans; epi (iii) Li manke resous oswa sipò pou jwenn lòt lojman pèmanan. Pou founisè k ap bay sèvis pou viktim yo: • Yon deklarasyon aloral moun lan oswa chèf fanmi an ki di l ap chèche èd ki deklare: li sove ; li pa genyen okenn lòt kote; epi li manke resous. Deklarasyon an dwe dokimante ak yon atestasyon ajan akèy la bay. Pou founisè k ap bay sèvis pou moun ki viktim yo: • Deklarasyon aloral moun lan oswa chèf fanmi an ki di l ap chèche èd paske li nan kouri. Deklarasyon sa a dwe dokimante gras ak yon deklasyon volontè oswa se travayè sosyal lan ki pou fè li. Lè sekirite moun lan oswa fanmi pa an danje, yo dwe verifye deklarasyon aloral lan; epi • Sètifika moun lan oswa chèf fanmi an ki di li pa te idantifye okenn rezidans. ---PAGE BREAK--- 5 FÒM POU DEKLARE RAS AK DONE SOU GWOUP ETNIK (PA OBLIGATWA) Kategori deklarasyon yo gen ladan yo Endyen Ameriken oswa Natif natal Alaska, Nwa oswa Afriken Ameriken, Azyatik, Natif Natal Awayi oswa Zile Pasifik; oswa Lòt Moun (pa Blan); ak klasifikasyon etnik Panyòl oswa Latino sèlman. Tanpri konsilte Enstriksyon yo ansanm ak kategori definisyon nan lòt paj aplikasyon sa a. Pa genyen okenn sanksyon pou moun ki pa ranpli pati sa a ki nan aplikasyon an. ENSTRIKSYON POU FÒM DEKLARASYON DONE SOU RAS AK GWOUP ETNIK Pwopriyetè ansanm ak ajan yo genyen obligasyon pou ofri aplikan/lokatè a opsyon pou konplete fòm lan. Fòm lan dwe ranpli lè aplikasyon an ap fèt lan oswa pandan kontra lwaye an ap siyen an. Epitou lokatè ki sou plas yo dwe genyen posibilite pou ranpli fòm lan nan kad pwochen sètifikasyon entèmedyè an oswa anyèl lan. Depi fòm lan fin ranpli li pa bezwen ranpli ankò sof si chèf fwaye a chanje oswa gen chanjman nan konpozisyon fanmi an. Pa genyen okenn sanksyon pou moun ki pa ranpli fòm lan. Sepandan, pwopriyetè an oswa ajan an mete yon nòt nan dosye lokatè an k ap di aplikan an/lokatè an pa vle ranpri ranpli fòm lan. Paran oswa responsab legal yo ap ranpri ranpli fòm lan pou timoun ki genyen mwens pase 18 lane yo. 1. De kategori gwoup etnik ou dwe chwazi yo defini anba la a. Ou dwe tcheke youn nan de kategori yo: 1. Ispanik oswa Latino. Yon moun ki sòti Kiba, Meksik, Pòtoriko, Amerik Di Sid Oswa Santral, oswa lòt kilti OSWA orijin panyòl, kèlkeswa ras li. Yo ka itilize tèm "Orijin panyòl" lan anplis pou "Ispanik" oswa "Latino." 2. Pa ispanik ni Latino. Yon moun ki pa sòti Kiba, Meksik, Pòtoriko, Amerik Sid Oswa Santral, oswa lòt kilti OSWA orijin panyòl, kèlkeswa ras li. 2. Senk kategori ras pou chwazi yo defini anba la a. Ou ka pran tout sa ki aplike ansanm ak ou: 1. Endyen ameriken oswa natif Alaska. Yon moun ki gen orijin nan nenpòt nan premye moun ki t ap viv nan Nò ak nan Sid Amerik (tankou Amerik Santral), epi ki kenbe idantifikasyon kiltirèl atravè afilyasyon tribi oswa atachman kominote. 2. Azyatik Yon moun ki gen zansèt pami nenpòt nan premye moun ki sòti Ekstrèm Oryan , Azi Sid Ès, oswa Sou- Kontinan endyen pa egzanp, Kanbòdj, Chin, End, Japon, Kore, Malezi, Pakistan, Filipin, Taylann, ak Vyetnam 3. Nwa oswa Ameriken Nwa. Yon moun ki gen zansèt li pami nenpòt nan group ras Nwa Afrik yo. Tèm tankou "Ayisyen" kapab itilize anplis pou "Nwa" oswa "Afriken Ameriken." 4. Natif Natal Awayi oswa Lòt Zile Pasifik. Yon moun ki gen zansèt li pami nenpòt nan premye moun ki t ap viv Awayi, Guam,, oswa lòt Zile Pasifik. 5. Blan Yon moun ki gen zansèt li pami nenpòt nan premye moun Ewòp, Mwayen Oryan oswa Afrik Dinò. Kategori Gwoup Etnik (Seleksyone Youn) Aplikan Ispanik oswa latino Pa ispanik ni latino Kategori Rasyal (Chwazi tout kategori moun ki koresponn ak ou) Aplikan Endyen ameriken oswa natif Alaska Azyatik Nwa oswa Ameriken Nwa Natif Natal Awayi oswa Lòt Zile Pasifik Blan Lòt (pa Blan) ---PAGE BREAK--- 6 REVNI Enimere tout sous revni tankou (men ki pa limite ak) salè, sipò pou timoun, avantaj Sekirite Sosyal, tout kalite pansyon, Asirans Chomaj, Asirans Travayè, pansyon alimantè, anvataj andikap oswa lanmò, enterè/dividann, kado regilye oswa revni peryodik, ak nenpòt lòt fòm revni. Aplikan ki pa gen okenn revni dwe soumèt yon deklarasyon notarye. Si w bezwen plis espas, tanpri ajoute yon lòt fèy. Tip Revni Sous Revni Montan BRIT Chak Ane 1 2 3 4 5 6 TOTAL AKTIF Enimere tout kont labank (chèk ak epay), CD, aksyon, obligasyon, kont retrèt, kontra asirans vi, byen imobilye, epi/oswa nenpòt lòt envestisman anba la a. Si w bezwen plis espas, tanpri ajoute yon lòt fèy. Aktif fanmi an pa genyen pwopriyete pèsonèl nesesè. Limit aktif pou kont ki pa retrèt yo aplike pou lojman AMI ki sibvansyone 30% selon egzijans pwogram sibvansyon an (aktyèlman $25,000 pou lojman MRVP). Si genyen yon posibilite pou lwe, lojman bon mache a dwe se rezidans prensipal ou, epi se la ou ye tout tan. Kategori Aktif. Non Bank/Credit Union (Koperativ) Nimewo kont ou Valè oswa Balans 1 Kont kouran 2 Kont epay 3 Kont Retrèt 4 Lòt bagay: 5 Lòt bagay: 6 Lòt bagay: TOTAL ---PAGE BREAK--- 7 ESTATI TRAVAY (YO) Tanpri bay enfòmasyon sou tout djòb ki bay revni regilye, pa okazyon, tanporè, oswa sezonye. Tout revni anplwa yo dwe dokimante jan sa dekri nan Paj 1 aplikasyon sa a. Non Anplwaye a: Pwofesyon: Konpayi Aktyèl: Adrès Konpayi a: Non ak Tit Sipèvizè a: Dat yo Anplwaye w nan Travay lan: Salè Anyèl Brit: Non Anplwaye a: Pwofesyon: Konpayi Aktyèl: Adrès Konpayi a: Non ak Tit Sipèvizè a: Dat yo Anplwaye w nan Travay lan: Salè Anyèl Brit: Non Anplwaye a: Pwofesyon: Konpayi Aktyèl: Adrès Konpayi a: Non ak Tit Sipèvizè a: Dat yo Anplwaye w nan Travay lan: Salè Anyèl Brit: Non Anplwaye a: Pwofesyon: Konpayi Aktyèl: Adrès Konpayi a: Non ak Tit Sipèvizè a: Dat yo bay Travay lan: Salè Anyèl Brit: ---PAGE BREAK--- 8 SÈTIFIKASYON APLIKAN AN 1. Mwen konfime/Nou konfime kantite moun ki gen fanmi an se moun, jan sa di nan dokiman sa a. 2. Mwen konfime/Nou konfime revni total fanmi an egal ak $ jan sa di nan dokiman sa a. 3. Mwen konfime/Nou konfime aktif total fanmi an egal ak $ jan sa di nan dokiman sa a. 4. Mwen konfime/Nou konfime enfòmasyon ki nan aplikasyon sa a ak nan sipò aplikasyon sa a se verite epi yo kòrèk selon sa mwen konnen ak kwayans mwen anba sanksyon konplè pou fo temwayaj. Mwen konprann fo enfòmasyon kapab genyen pou rezilta diskalifikasyon nan lòt pwosedi. 5. Mwen konfime/Nou konfime pa genyen okenn manm nan fanmi an ki genyen enterè finansye nan pwojè an. 6. Mwen konfime/Nou konfime menm si yo seleksyone nou nan tiraj lan sa pa bay okenn garanti mwen pral kapab lwe yon lojman. Mwen konprann yo pral verifye tout done ki nan aplikasyon an, epi yo pral mande, verifye, ak revize lòt enfòmasyon finansye avan yo lwe yon lojman. Epitou, mwen konprann mèt pwojè an pral fè tès, tankou antesedan kriminèl ak verifikasyon kredi, pou detèmine elijiblite. 7. Mwen konprann/Nou konprann Harborlight Homes genyen kominite kote moun pa fimen, ki vle di tout kalite fason w ap fimen an entèdi nan apatman pèsonèl yo, andedan kou deyò nan espas piblik yo, epi tout kote nan pwopriyete yo. 8. Mwen otorize/Nou otorize Harborlight Homes pou verifye tout enfòmasyon finansye ak sou fanmi an epi bay nenpòt konpayi, moun k ap lwe kay oswa enstitisyon pou pibliye tout enòmasyon bay Harborlight Homes ak mèt pwojè a pou detèmine elijiblite 9. Mwen/Nou konprann limit revni ak aktif yo ka revize yo chak ane epi yo ka chanje selon lwa leta epi/oswa federal. Anplis, mwen konprann kèk lojman nan pwopriyete sa a sijè ak restriksyon sou revni adisyonèl ak aktif daprè egzijans pwogram sibvansyon epi/oswa akò regilasyon. 10. Mwen konprann/nou konprann sa se responsablite mwen pou kenbe Harborlight Homes okouran sou nenpòt chanjman ki fèt nan revni mwen, aktif, konpozisyon fanmi mwen, epi/oswa enfòmasyon kontak mwen. Mwen te konplete aplikasyon an, epi te revize epi konprann pwosesis yo pral itilize a pou distribiye lojman ki disponib yo. Mwen kalifye selon machasuiv pwogram lan epi aksepte pou respekte regilasyon ki aplikab yo. Siyati Aplikan an Dat Catalyst Housing LLC ak/oswa Harborlight Community Partners, Inc. dba Harborlight Homes pa fè diskriminasyon lè y ap chwazi aplikan yo sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, andikap, laj, zansèt, timoun, sitiyasyon fanmi, enfòmasyon jenetik, eta sivil, benefisyè asistans piblik, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite sèks, estati veteran/militè, oswa nenpòt lòt baz lalwa entèdi. Aplikan ki gen andikap yo ka mande modifikasyon nan apatman yo oswa pwojè a, oswa (ii) aranjman nan règleman nou yo, règleman, metòd, oswa sèvis yo si modifikasyon epi aranjman sa yo nesesè pou bay yon posibilite egal pou itilize ak jwi lojman an. APLIKASYON SA A KONSÈNE SÈLMAN PWOJÈ DEVLÒPMAN SA A